
Sipòte Ayisyen Ki Oblije Kouri Kite Peyi Yo
Haitian Bridge Alliance ak Welcome.US te prezante webinar sa a ki detaye pwogram parennaj imanitè gouvènman Ameriken an te anonse dènyèman: Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragwan, ak Venezyelyen (P4CHNV). Nan rankont sa nou te diskite kijan nou ka mete tèt nou ansanm pou nou sipòte Ayisyen k ap chèche sekirite nan peyi Etazini.
Support Haitian Newcomers bay enfòmasyon enpòtan sou pwogram nan ak sou fason pou aplike pou vinn yon sponsor atravè P4CHNV. Li eksplike kijan pou navige platfòm Welcome.US Welcome Connect, epi li ofri zouti ak resous sponsor ka itilize pou akeyi nouvo vini yo. Ladann tou w ap jwenn temwanyaj yon sponsor ak Ayisyen li patwone ki pataje eksperyans yo. Apre sa wap jwenn pati Kesyon/repons ak panèl nou an.
Jodi a menm gen yon bezwen ijan pou Ameriken pwofite de pwogram libète imanitè USCIS la pou ede Ayisyen antre Etazini an sekirite. Depi Avril 2022, plis pase 250,000 Ameriken enskri pou patwone refijye lòt kote atravè menm pwosesis sa a – men gen plizyè milye fanmi Ayisyen ki toujou bezwen èd nou pou jwenn sekirite.
Oratè evènman yo:
- Moderatè: Krista Kartson, Direktè Senior, Inisyativ Parennaj, Welcome.US
- Nazanin Ash, CEO, Welcome.US
- Guerline Jozef, Ko-fondatè ak Direktè Egzekitif, Haitian Bridge Alliance
- Denise Coma, patwone
- Marie, patwone